Biyografi Jovenel Moïse

Jovenel Moïse, Prezidan 2016

Jovenel Moïse, Prezidan 2016

Jovenel Moïse fèt nan Twoudinò (depatman Nòdès) jou 26 jen 1968 nan yon fanmi peyizan. Li pran lanmou li genyen pou tè a kote papa li, Etienne Moïse, ki se yon mekanisyen ak yon agrikiltè. Manman li, Lucia Bruno, regrete memwa, yon koutiryè ak yon fanm komès, te montre li sans responsabilite depi lè li te timoun, anplis lòt valè sivik ak moral. Malgre yo pat ale lekòl, paran li te ba li bon jan prensip ak disiplin. Se valè sa yo ansanm ak kapasite natirèl Jovenel Moïse ki mete « natif natal » la apa, epi ki vin fè de li yon antreprenè ki gen siksè epi yon modèl klè pou sosyete nou an.

Nan mwa jiyè 1974, li menm ansanm ak tout fanmi li rantre Pòtoprens kote li te kontinye lekòl primè li nan lekòl nasyonal « Don Durélin », epi li te pouswiv lekòl segondè nan « Lycée Toussaint Louverture » anvan li ale fini etid li nan «Centre Culturel du Collège Canado Haïtien ».

Pi devan, li ale nan « Faculté des Sciences de l’Education de l’Université Quisqueya ». Malgre li te gen plan pou li fè pwofesè lekòl, li vin chanje direksyon pou li fè biznis. Nan lane 1996, li marye ak kamarad klas li Martine Marie Etienne Joseph. Nan menm lane a, jenn gason antreprenè sa a, ki te gen matrit ak anpil antouzyas, te kite kapital la pou enstale fanmi li nan Pòdepè avèk yon rèv pou devlope andeyò, yon rèv ki pap janm kite li.

San li pat gen anpil kòb pou li envesti, li te kreye premye biznis li nan Pòdepè ki se JOMAR Auto Parts e k’ap mache jis jounen jodi a. Ti biznis sa a li te kreye ansanm ak madanm li vin fasilite tout lòt pwojè koup Moise la ap fè. Nan menm lane a toujou, li kòmanse yon pwojè agrikòl tèlman li gen yon lanmou pou travay tè. Fwa sa a, Jovenel plante bannann sou 10 ekta tè sou yon plantasyon nan depatman Nòdwès la.

« Pwojè sa a se reyalizasyon yon lide ki te nan tèt mwen depi lontan. Se lanmou mwen pou lanati ak pou tè a ki fè mwen kadre fòmasyon mwen ak tout aktivite pwofesyonèl ak pèsonèl mwen pou ale sou devlopman andeyò, pwoteksyon lanviwonnman, ak lagrikiti ekolojik, etik ak solidè anpatikilye. »

Yon ti tan apre madanm li vin ansent avèk yon pitit fi, epi papa sa a ki gen pou li genyen 3 pitit, reyalize dlo potab se yon gwo pwoblèm andeyò. Li pran desizyon pou li jwenn yon solisyon pou pwoblèm nan ki pouse li pou li kòmanse yon lòt pwojè inovatif – li rantre nan yon patenarya ak konpayi « Culligan » nan Pòtoprens. Nan lane 2001, Jovenel rasanble kòb li te prete nan enstitisyon finansyè ak kòb li te prete nan sektè prive a, yon bagay ki pat fasil, pou li te bati yon izin dlo pou distribye dlo potab nan rejyon Nòdwès ak Nòdès yo.

Siksè li nan sektè biznis lan ak volonte li pou apiye devlopman nan kominote yo peze nan desizyon Jovenel pou li vin yon manm nan Chanm Komès ak Endistri nan Nòdwès (CCINO) nan lane 2004. Li gen yon don natirèl pou lidèchip ki mete li an valè e san pran tan, li genyen eleksyon pou li vin prezidan CCINO a. Kapasite li pou li kreye yon kolaborasyon ant manm yon gwoup pou reyalizasyon menm objektif la fè li genyen pòs pou vin sekretè jeneral Chanm Komès ak Endistri Ayiti (CCIH). Yon dirijan dinamik, Jovenel jwe yon gwo wòl nan entegrasyon chanm komès rejyonal yo pou garanti reprezantasyon yo kòrekteman nan Chanm Komès Nasyonal la.

Yon antreprenè ak yon pakèt entelijans, Moïse gen kapasite pou li idantifye pwoblèm epi transfòme yo nan opòtinite ki kapab benefisye tout moun. Nan lane 2008, lè li vin enterese nan elektrisite rejyonal, li kreye yon lòt konpayi « Compagnie Haïtienne d’Énergie S.A. (COMPHENER S.A.) » fwa sa a ansanm ak kèk asosye. Ak pwojè sa a, yo vle pote lenèji solèy ak ewolyèn nan dis (10) komin depatman Nòdwès la.

Li kreye AGRITRANS S.A. nan lane 2012, ki gen yon pwojè agrikòl prensipal li nan Twoudinò ki rele NOURRIBIO nan premye Zòn Franch Agrikòl peyi a. Ak pwojè sa a, Jovenel Moïse rive « transfòme yon espas ki te abandone pou li vin yon pwojè devlopman dirab k’ap kapab sèvi kòm modèl pou devlopman sektè agrikòl nan peyi Dayiti ». Sa a se kòmansman reyalizasyon rèv Jovenel la osnon « nèg bannann nan », yon rèv ki se refè Ayiti tounen yon peyi ki « agrikòl alabaz ».

Pwojè NOURRIBIO a deja pèmèt plis pase yon dizèn pwojè agrikòl ki kreye prèske 3,000 djòb dirèk ak 10,000 djòb endirèk. Se pwojè sa a ki pi inovan nan peyi Dayiti epi se li ki pi laj nan Karayib la jiska jounen jodi a. Pou Moïse, li enpòtan pou Ayiti rejwenn plas li sou kat mondyal peyi ekspòtatè yo.

Jovenel se yon lidè ki kapab mobilize yon piblik nan jan li pale. Li se yon nonm ki konn pèsevere e ki konn debwouye li, e li se yon ekzanp ni nan pawòl li, ni nan aksyon. Jovenel Moïse gen anpil eksperyans nan jwenn konsansis ak kolaborasyon ant gwoup moun ki gen enterè diferan. Li gen kapasite pou li enspire tout moun ak vizyon li nan fason li pale. Li gen yon sans responsabilite ki se fondayson tout siksè li nan biznis li yo, nan fanmi li ak nan peyi li. Li kwè nan amoni e li toujou ap chèche tèt ansanm.

Nan lane 2015, Prezidan Repiblik Dayiti, Michel Joseph Martelly, te chwazi Jovenel Moïse kòm kandida prezidansyèl pati politik li kreye a, Parti Haitien Tèt Kale (PHTK). Prezidan Martelly wè Jovenel tankou yon « ajan pwodiksyon nasyonal » ki genyen tout kapasite pou kontinye ak vizyon pou « transfòme Ayiti » a. Pou Jovenel Moïse sa ki pi enpòtan se objektif sosyo ekonomik peyi a.  « Lidèchip mwen ap gide gouvènman m’ nan pandan m‘ap lite pou peyi mwen vin pi fò ak pi bon pou tout ayisyen. »

Tout kote li pase, Jovenel Moïse ap fè pwomosyon yon vizyon lagrikilti òganik kòm motè ekonomi peyi Dayiti k’ap kapab kreye travay ak richès pou yon popilasyon kote plis pase 50% moun ladann viv andeyò. Li pwopoze lagrikilti kòm premye etap pou relanse ekonomi peyi a. Politik li a gen menm eleman Prezidan Martelly te favorize yo: ledikasyon inivèsèl, aksè ak lasante, refòm nan lenèji, etadedwa, kreyasyon travay dirab, pwoteksyon lanviwonnman, ak developman peyi Dayiti kòm yon destinasyon pou touris, kote li ajoute ekotouris ak agwotouris. Jovenel Moïse montre li genyen yon pasyon pou devlopman peyi a, yon konpetans ki inovatif, yon lidèchip natirèl, ak yon vizyon pwogresis pou Ayiti. Tout se gwo avantaj k’ap ede li fè fas ak defi prensipal peyi a ki se boustè ekonomik ak striktirèl pou yon Ayiti miyò.